Liv sa yo GRATIS pou w li, koute, pataje, kopye epi enprime. Tanpri pataje yo ak lòt moun! Ou ka li yo tou sou APP a: 1Peter1:3
Ou ka fache ak Bondye, oswa ou pa kwè nan li nan moman sa a. Oswa petèt ou kwè nan Bondye, men yo te blese w. Petèt ou se yon Mizilman, yon Endou, yon Boudis, oswa ou gen lòt kwayans. Ou gendwa nan yon pozisyon totalman diferan, ke menm ou menm pa ka defini... Kèlkeswa jan ou santi ou, zanmi m, oswa kote ou ye a, Bondye Bib la - depi premye liv la rive nan dènye liv la - akeyi ou, e li menm 'enplore' ou pou mande: 'Kiyès ki Jezi?'
|
Èske w fatige ?
Èske ou ta renmen pou ta ka rekòmanse lavi ou ? Èske kè ou brize ? Èske ou fè moun mal, epi ou ta renmen pou ta ka bliye sa ? Jezi resisite pami mò yo epi li ofri w – jodi a – yon lavi tou nèf, yon lòt kòmansman. Li ofri w padon pou peche w, epi tou li geri w de sa lòt moun te fè w. Èske ou vle yon lavi tou nèf ?
|
Ti liv sa a gen 20 refleksyon pou ede w nan ‘pakou’ w ak Jezi. Genyen ‘ide’, men tou de ‘mezi’ pratik ou ka pran. ‘Etap’ yo pral ede w mete lafwa w an aksyon, epi wè chanjman reyèl yo nan nouvo vi w ak Jezi.
|